Tretman maladi ke tibebe prematire yo genyen pi souvan

Materyèl sa a te konstwi pa akademisyen ak etidyan nan Fakilte Medsin nan Inivèsite Chili

Moun ki ekri li yo se: Amalia Cruz, Ma. Angélica Fernández, Marcela Goldsack, Mónica Morgues, Daniela Novoa, Ignacia Rojas, Magdalena Tapia, XImena Vascopé

1. Fason w dwe bay tibebe ki fèt avan lè manje.

Kijanw dwe bay bebe ki fèt avan lè yo manje lè yo entène Lopital?

Lè Manman an ansent timoun nan (oubyen lè timoun nan nan vant), timoun nan jwenn manje nan kòd lonbrit manmanl. Lè timoun nan fèt twò bonè, pwosesis saa entèwonpi sa vle di: Fòs tan timoun nan ta dwe fè anndan vant ap manje nan kòd lonbrit manmanl poul ta byen grandi an li pa gentan fin fèl, se yon pwoblèm paske nan twazyèm trimès gwosès la (nan 3 dènye mwa timoun nan rete poul fèt yo), se lè saa timoun nan grandi plis.

 

Pou pèmèt timoun nan kontinye manje epi kontinye grandi kòm si li te nan vant manmanl toujou malgre li gentan fin fèt twò bonè, y ap itilize yon fason ki rele “Alimentasyon enteral” sa vle di y’ap pase yon tib nan nenl pou al depoze manje a  dirèkteman nan lestomak li, pou bay timoun nan tout manje li bezwen poul grandi janl dwe grandi an, apre ‘’Alimantasyon enteral’’ la y ap bay timoun nan manje yon lòt fason ankò ki rele “Nitrisyon paranteral” sa vle di yo pral fè yon jan pou yo voye manje lap bezwen an dirèkteman nan san l.

 

Pou pa entèwonp apwovizyonan enèjetik ki nan manje a, yo dwe bay timoun nan ‘’nitrisyon panteral” la depi premye jou an. Se yon melanj byen kalkile ki gen pwoteyin, lipid, glisid epi yap ajoute yon ti vitamin ak yon ti mineral ki dwe bay atravè yon solisyon  ‘’Venez Santral’’ sa vle di tout bagay sa yo ap pase nan yon ti tib  ke y’ap pike nan venn ti bebe a pou al tonbe dirèkteman nan sanl, yo pa dwe kite melanj saa pran limyè. Jeneralman yo konn kite ‘’Alimantasyon Panteral” la dire 1 a 2 semèn jiskaske  “Rezèv enteral” la gen ase kontni enèjetik pou pèmèt kwasans aprè akouchman an byen pase.

 

Nèmalman  ‘’Alimantasyon anteral’’ la dwe fèt avèk lèt manman an, kom nou konnen entesten bebe a pa gen ase matirite paske se yon ti bebe ki fèt avan lè, lè yap kòmanse yo pa dwe bal anpil lèt, yap mete yon ti kantite chak 2 a 3 zè de tan jeneralman avèk yon ‘’Sond nazogastrik’’ epi yap ogmante volim nan pwogresivman an fonksyon tolerans dijestif Bebe an, pafwa lè gen patoloji grav, yo retade priz oral la de 24 a 48 etan. Lòske volim LM yo pa sifi, yo konplete yo avèk don BF oubyen avèk lèt manman pou bebe ki fèt avan lè. Lè bebe a vin gen yon mekanis alimantasyon ki pi mati yo kapab kòmanse bal manje nan bouch, pa avan li gen 33-34 semèn jesyonal korije.

 

Referans

2. Tèmoregilasyon

Ki sa ki tèmoregIlasyon?

Temoregilasyon se youn nan kondisyon debaz yo pou adaptasyon  lavi Ekstra-iteren tibebe ki fenk fèt ak ti bebe ki fèt twò bonè. Pandan gwosès la, fetis la devlope nan tanperati matènèl la ki se(36.5 – 37 °C). Nan nesans li li ekspoze a tanperati anbyan an.

Ki jan nou ka ede tèmorigilasyon yon bebe ki fèt twò bonè?

Tanperati anbyant rekòmande a se 24-26 °C (OMS1997) Nan tout swen imedya, twal cho yo ta dwe disponib pou vlope bebe ki fèk fèt la, eksepte tibebe ki fet twò bonè ki peze mwens pase 1000 gram nan, ki aprè nesans li yo ta dwe metel imedyatman nan yon sache an poli-etilèn.

 

Chanm pou pran swen tibebe ki fèk fet  yo dwe gen yon bèso chofe oubyen radyan ki konpoze de yon sous chalè siperyè ki opere manyèlman oswa asèvi (aparèy ke yo poze sou po tibebe ki fèk fèt la) epi ki limen oswa etenn bèso a selon tanperati ko tibebe a. Li gen aksè fasil pou fè pwosedi tankou (entibasyon, enstalasyon katetè, koneksyon ak vantilasyon mekanik).

 

Yon enkibatè transpò ta dwe disponib tou, kitel nan 30 ° C.

 

Nan inite neonatoloji yo, anplis bèso chofan yo, gen enkibatè ki se yon seri de aparèy ki gen yon baz metal ak tèt ki fèt ak transparan ki bay chalè, imidite ak yon fèb konsantrasyon an Oksijen (O2) lè li konekte ak yon sous. Li gen plizye fenèt aksè kew dwe manyen ak dwèt ou, yon men ki pwòp ak dezenfekte. Mwatye devan an konsidere kòm pwòp ak mwatye dèyè kontamine. Ou ta dwe toujou mande si ou ka louvri fenèt yo pou jwenn aksè a tibebe ki fèk fèt yo  paske chalè, oksijenasyon ak/oswa imidite ka pèdi oswa pasyan ka pèdi ak mezi izolasyon.

Ki sa ki enkibatè a?

Enkibatè a se yon ekipman ki kenbe doub kontwòl tèmik:yon bò, li kontwòl tanperati anbyen andedan an epi yon lòt li kontwole tanperati kò ti bebe a.Dwe gen yon kontwòl otomatik nesesè nan tanperati anbyan an pou kenbe tanperati kò timoun nan ant 36 ° ak 37 °, li sèvi avèk yon Capteur tanperati ke yo mete sou po a bebe a. Lè timoun nan pako nan matirite, li mande yon tanperati ki pi wo nan kouvez la (jiska 32 °-33 °) jiskaske li rive nan matirite, po tibebe a vin pi epè epi tanperati anbyan an vin diminye sa vin kenbe tanperati timoun nan nan seri nòmal li. Lè tanperati anbyan  timoun nan mwens pase 28 °-29 °, yo ka abiye Timoun nan epi bese li nan bèso li, paske li deja regile ak tanperati a ki  nan inite Neonatal la. Pwosesis sa a ka pran plis tan li depann de matirite timoun nan.

Pandan tibebe yo nan enkibatè yo, paran yo ka manyen tibebe yo, pale ak yo. Nan inite yo fè swen kangouwou oswa swen po a po a, timoun nan ka kite enkibatè a epi antre an kontak dirèk ak manman yo oswa papa yo. Metòd sa a itil pou kapab kenbe tanperati timoun nan, epi li bay yon seri de lòt avantaj pou devlopman ak sante emosyonèl ti bebe ki fèt twò bonè a. Genyen tou yon echanj ak yon koneksyon ki fet de timoun nan ak paran yo sa stimile tout sans yo epi pemet yo kreye yon espri apatenans, yon swen ki santre sou la fanmi, kenbe timoun nan fè pati yo Paran, swen fanmi santre. Li jere bay paran yo pouvwa nan wòl paran yo. Sa fe paran yo vin pi responsab nan wòl paran yo.

Referans

3. Oksijenoterapi newonatal

Kisa ki Oksijenoterapi?

Depi lè nou fèt la nou dwe adapte nou rapidman avèk kondisyon tè a. Gen Tibebe ki fèt nan lè yo konsa tou gen Tibebe ki konn fèt avan lè ki gen difikilte pou yo adapte yo ak milye ekstra-iteren an , yo konn prezante kek bezwen an oksijèn (O2) ki siperye a 21%. Gen Tibebe ki ka bezwen 100% oksijèn si yo malad anpil.Koz  prensipal la se imatirite pilmonè, karakteristik prematire a, pi grav lakay timoun ki imati a. Lot koz yo se: enfeksyonrespiratwa yo, malfomasyon kadyak oubyen pilmonè epi lot patoloji sistemik ki fè bezwen  oksijèn nan ogmante.

Lè timoun nan bezwen oksijèn siplemantè, yo dwe ospitalizel. Yon oksijèn ki siperyè avèk sak nan anvirònman an dwe konsidere tankou yon medikaman ki nesesite yon “endikasyon medikal’’ ak yon ekipman kap siveye repons timoun nan ak oksijenesyon an. Gen Oksimèt ki mezire konsantrasyon li voye epi gen monitè qui mezire konsantrasyon oksijèn ki nan san timoun nan, yo rele yo monitè Oksijèn epi yo gen yon dispozitif an plastik ki gen fòm yon bag oubyen yon braslè ki se yon kaptè ki la pou mezire konsantrasyon saa a travè po a avek yon chifon adezif ke yo mete sou men oubyen sou pye Tibebe a. Kaptè a dwe vire antre ekstremite yo.

Koman Oksijèn nan dwe administre?

Oksijen nan dwe administre cho epi imid.

Gen diferan manyè oksijèn nan ka administre: yo itilize “holos”, anbout nazal senp pou ka administre oksijèn nan nan yon manye ki pa envaziv avek yon tib andotracheyal, si ventilasyon konvansyonèl la pa arive bay sifizamman oksijèn, yo dwe oblije sèvi avèk vantilasyon ki gen frekans wo e nan ka ekstrèm yo yo dwe sevi avèk ECMO (okdijenasyon avèk manbran ekstrakòporèl).

Kisa ki monitè oksijèn transkitane a?

Se yon metòd ki pa envaziv ki pèmèt siveye kantite oksijèn ak diyoksid kabòn ki nan san an, pandan li elimine yon kantite. Nivo ateryèl gaz sa yo depann de plizyè mekanis, sak pi pètinan se kapasite pou transpòte oksijen ( an fonksyon nivo emoglobin nan) debi kadyak la (kantite san kè a ponpe pa minit) epi afinite emoglobin nan pou oksijèn nan.

Itilizasyon l esansyèl pou Tibebe ki fèt avan lè paske yo souvan gen pwoblèm pou yo respire, paske poumon yo pa fin devlope. Li pemèt idantifye sitiyasyon tankou apne, desatirasyon ak ipèsatirasyon. Anplis, li pèmèt siveye gaz ateryèl yo lòske yap itilize oksijèn tankou tretman ipoksi lakay Tibebe ki fèt avan lè.

Kilè Oksijèn (O2) nan kanpe?

Lè yon timoun nan yon oksijèn ekstèn, yo siveyel tout tan pou yo vizyalize bezwen li ka genyen an oksijèn, avèk evalyasyon klinik ekip doktè yo pou yo fè ajisteman ki nesesè yo. Lè nesesite oksijèn nan rive nan 21%, ki se oksijèn anbyantal la, oksijèn siplemantè a tou sispann.

Referans

4. Jonis neonatal

Kisa ki Jonis la?

Li se yon koulè jòn ki nan po a, zye yo ak manbràn ki mou yo akòz akimilasyon nan biliribin (Bb) nan. Biliribin nan se yon pigman bilyè ki soti nan dekonpozisyon emoglobin nan Globil wouj yo. Yp kapab wè li klinikman lè nivo plasma biliribin nan depase 5 – 7mg%.

Jonis la se youn nan maladi ki pwodui pi souvan nan peryòd timoun yo fèk fèt la. Li prezan nan plis pase 50% nan ti bebe ki fèk fèt nan tèm (RNT) e anviwon 80% ti bebe ki prematire. Li Parèt nan dezèm jou timoun nan fèt la, li soti depi nan tèt jiska nan pye e yo kapab obsève li pandan premye mwa nan vi timoun nan(siveye pandan 15 jou si yo pap ale). Si timoun nan gen Jonis bonè se ke li patolojik (nan premye èdtan yo nan vi li) sa mande pou l fè tès nan laboratwa pou kapab deside entène li lopital ak tretman.

Nan etap fetis la, Biliribin nan travèse plasenta a epi li pase nan fwa manman an. Nan nesans, pwosesis la koupe briskeman epi Biliribin nan kòmanse metabolize nan fwa neonatal la. Jònis fizyolojik ki te koze pa ogmantasyon chaj biliribin endirèkteman nan fwa a.

Yo konsidere nivo nòmal yo jiska 12 mg pousan nan total Bb (biliribin) nan RNT, rive nan nivo maksimòm ant 3zyèm a 5zyèm jou a epi rezoud ant 7 a 10 jou. Koub jonis la pi lan nan anvan tèm nan, li ka rive nan 15mg pousan epi l ap rezoud apre 14-15 jou.

Faktè predispozan: enkonpatibilite gwoup sangen, frè ak sè anvan yo afekte, akouchman twomatik (sefalematom, frakti nan klavikul, ekimoz), fanmi ki kwense (ki fèmen).

Egzamen laboratwa: bili total ak diferansyèl, gwoup Rh, konb endirèk (manman) e dirèk, nimerasyon globilè dirèk e konplè, retikilosit, fwotis sangen.

Faktè risk yo: dyabèt nan manman an, Ras, Prematirite, Polisitemi, Sèks maskilen, trisomi 21, ipo-alètman, antesedan familyal, bouchon mekonyal.

Ipèbiliribinemi

an fè referans ak valè biliribin yo ki bezwen tretman:

Tretman

Yo endike youn apre lòt selon valè Biliribin:

Kisa ki fototerapi?

Li se itilizasyon limyè nan yon espkt ki sanble ak sa yo ki nan Biliribin nan ki dekonpoze an pwodwi ki pa toksik.

Pi bon an se limyè ble an tèm de efikasite men li gen dezavantaj ke li chanje koulè a nan ti bebe a (RN bronze) se poutèt sa li rekòmande pou yo sèvi ak altènativ

Efikasite fototerapi depann de entansite limyè a ak pwoksimite li ak timoun nan (40-60 cm). Gen ekipman ak yon limyè ki kalite fèy ki mwens ke RN nan.

Ki sa ki swen enfimyè yo?

Ki kritè pou egzeyat nan fototerapi a?

Risk kènikteris

Youn nan sentòm ki pi prekòs se apne.

Nan tibebe ki fenk fèt ak valè Biliribin nan nivo rechanj yo, li rekòmande pou evalye ak potansyèl oditif yo. Li apwouve tou Alontèm pètibasyon ki evoke  potansyalite vizyèl yo.

Sekans newolojik ki pi grav la se paralizi serebral koreo-atetotik.

Referans

Ekografi

Li se yon egzamen imajenolojik ki utiliza iltra-son pou pwodui imaj estrikti kòporèl.

Li pa sèvi ak radyasyon, li san doulè, san danje pou fetis la (ti bebe ki nan vant), epi li revele enfòmasyon enpòtan sou fetis la, tankou gwosè, kondisyon plasennta a, kantite fetis, repè anatomik, ak makè pwoblèm jenetik ak lòt. Kèk nan done sa yo pral enpòtan pou predi pwobabilite pou pou timoun nan prematire.

Li se yon egzamen operatè-depandan, ki vle di ke pèfòmans li depann de konpetans ak eksperyans pwofesyonèl ki reyalizel la.

Yo reyalize ekografi nan vant nan divès etap gwosès la; a pati de 11-14. 22-24 ak 32-36 semèn nan vant.

Nan peryòd neonatal la li trè itil paske li ka reyalize soukote bèso a, nouvo ne a trè konpatib avèk iltra-son paske li genyen anpil fenèt akoustik, aktyèlman nan UCIN ( Inite pwoteksyon entansiv pou nouvo-ne) gen ekografi ki kapab fèt nan prèske tout sistèm: poumon, kadyak, abdominal, ansefalik, elatriye.